Ruth 4:7-8

Haitian(i) 7 Nan tan sa a, nan peyi Izrayèl, lè yon moun pase dwa li genyen pou achte osinon pou twoke yon tè bay yon lòt moun, men sa yo te konn fè: Moun ki te gen dwa a wete yon grenn sapat nan pye l', li bay lòt moun lan li. Se konsa moun Izrayèl yo te konn fè tout moun konnen zafè a te regle nèt. 8 Se poutèt sa, lè nonm lan di Bòz ou mèt achte tè a, li wete yon grenn sapat nan pye l', li lonje l' bay Bòz.