Psalms 140:1-9

Haitian(i) 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2 Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non, 3 anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife. 4 Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik. 5 Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe. 6 Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen. 7 Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou. 8 Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare. 9 Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!