Job 30:9-31

Haitian(i) 9 Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'. 10 Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'. 11 Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li. 12 Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'. 13 Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa. 14 Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo. 15 Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt. 16 Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'. 17 Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete. 18 Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen. 19 Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife. 20 Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm. 21 Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou. 22 Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'. 23 Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan. 24 Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon? 25 Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo? 26 Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'. 27 Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd. 28 M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou. 29 Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize. 30 Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo. 31 Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.