Isaiah 64:1-2

Haitian(i) 1 Si ou te ka chire syèl la desann! Mòn yo ta annik wè ou, yo ta pran tranble. 2 Yo ta moute desann tankou dlo k'ap bouyi sou gwo dife bwa. Desann non pou fè lènmi ou yo konnen ki moun ou ye, pou fè tout nasyon yo tranble devan ou!