Isaiah 40:3-6

Haitian(i) 3 Tande vwa yon moun k'ap rele byen fò: -Pare chemen Seyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann lan pou Bondye nou an! 4 Se pou yo konble tout fon yo! Se pou yo kase tèt mòn yo ak tèt bit yo! Se pou ti mòn yo tounen platon, se pou tout mòn yo vin tè pla! 5 Seyè a pral fè wè pouvwa li a! Tout moun pral wè l' menm lè a. Se Seyè a menm ki di sa ak bouch li. 6 Yon vwa rete li di: Pale non! Yon lòt mande: Sa pou m' di? Di yo moun se tankou zèb yo ye. Tout bèlte yo, se tankou bèlte flè nan savann.