2 Kings 6:15-20

Haitian(i) 15 Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li soti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l' al di Elize: --Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a? 16 Elize reponn li: --Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo. 17 Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: --Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize. 18 Lè sòlda peyi Siri yo atake, Elize lapriyè ankò, li di: --Seyè, fè sòlda sa yo pa wè nan je yo! Seyè a fè sòlda peyi Siri yo pa wè nan je yo, jan Elize te mande l' la. 19 Lèfini, Elize al jwenn yo, li di yo: --Se pa chemen an sa, ni se pa lavil n'ap chache a sa. Swiv mwen, m'a mennen nou kote moun n'ap chache a ye. Li mennen yo lavil Samari. 20 Rive yo rive la, Elize lapriyè ankò, li di: --Seyè, louvri je yo pou yo wè! Seyè a louvri je yo. Yo wè yo te nan mitan lavil Samari.