2 Kings 10:26-28

Haitian(i) 26 Yo pran poto yo te mete kanpe pou Baal la, yo pote l' deyò, yo boule l'. 27 Yo demoli lotèl Baal la ansanm ak tanp lan. Yo pran tanp lan yo fè l' sèvi latrin jouk jounen jòdi a. 28 Se konsa Jeou fè disparèt sèvis Baal nan peyi Izrayèl la.