Proverbs 6:19 Cross References - Haitian

19 se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.

Exodus 20:16

16 Piga nou bay manti sou frè parèy nou.

Exodus 23:1

1 Piga nou fè manti sou frè parèy nou. Lè n'ap sèvi temwen, piga nou bay manti pou ede yon mechan.

Deuteronomy 19:16-20

16 Lè yon fo temwen kanpe pou l' akize yon moun pou yon krim li pa fè, 17 de moun ki nan pwose yo va prezante ansanm devan lòtèl Seyè a, devan prèt yo ak jij yo ki desèvis lè sa a. 18 Jij yo va egzaminen ka a. Y'a mennen yon bon ankèt jan yo dwe fè l' la. Si yo jwenn se manti temwen an ap bay, se akize l'ap akize yon moun pèp Izrayèl parèy li pou yon bagay li pa janm fè, 19 n'a fè l' sibi chatiman li te vle pou moun li akize a. Se konsa n'a wete mechanste sa a ki te nan mitan nou. 20 Lè lòt moun yo va konn sa, y'a pè, yo p'ap rekonmanse fè move bagay konsa ankò nan mitan nou.

1 Kings 21:10-15

10 Lèfini, jwenn de vakabon, fè yo vin kanpe devan l' pou yo akize l'. y'a di li derespekte Seyè a ansanm ak wa a. Lè sa a, n'a pran Nabòt, n'a trennen l' andeyò limit lavil la, n'a kalonnen l' wòch jouk li mouri. 11 Chèf fanmi yo ak otorite lavil Jizreyèl yo fè tou sa Jezabèl ba yo lòd fè nan lèt yo. 12 Yo fè konnen yo pral fè sèvis jèn. Yo fè tout pèp la sanble, yo mete Nabòt devan pou dirije sèvis la. 13 De vakabon vin rive, yo kanpe devan Nabòt, yo akize msye devan tout pèp la. Yo di li derespekte Bondye ansanm ak wa a. Lamenm, yo pran Nabòt, yo mennen l' andeyò limit lavil la, yo kalonnen li wòch jouk li mouri. 14 Apre sa, yo voye di Jezabèl: -Nou kalonnen Nabòt wòch, li mouri. 15 Resevwa Jezabèl resevwa nouvèl lanmò Nabòt, l' al di Akab: -Leve non. Al pran jaden rezen Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, pou ou, jaden li te refize vann ou an. Nabòt pa nan moun isit ankò, li mouri.

Psalms 27:12

12 Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.

Psalms 35:11

11 Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.

Proverbs 6:14

14 Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.

Proverbs 12:17

17 Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje.

Proverbs 16:28

28 Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.

Proverbs 19:5

5 Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti.

Proverbs 19:9

9 Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri.

Proverbs 22:10

10 Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.

Proverbs 25:18

18 Yon moun k'ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou.

Proverbs 26:20

20 Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.

Matthew 15:19

19 Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.

Matthew 26:59

59 Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò.

Acts 6:13

13 Yo mennen lòt moun tou pou fè manti sou li, yo t'ap di: Nonm sa a pa sispann pale mal sou tanp Bondye a ak sou lalwa Moyiz la.

2 Timothy 2:23

23 Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.

James 3:14-16

14 Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a. 15 Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la. 16 Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.

James 3:18

18 Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.

3 John 1:9-10

9 Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Diyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m' di a. 10 Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l' fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l', li menm chache mete yo deyò nan legliz la.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.