Ecclesiastes Cross References - Haitian

1 Men pawòl pitit David la, filozòf la, ki te wa nan lavil Jerizalèm. 2 Nan lavi a anyen pa vo anyen. Se sa filozòf la di. Non, anyen pa vo anyen nan lavi a. Tout bagay gen pou pase. 3 Yon moun te mèt pase tout lavi l' ap travay di, ap bay kò l' traka sou latè beni, kisa sa rapòte l'? 4 Moun fèt, moun mouri. Men sa pa deranje anyen sou latè. 5 Solèy leve, solèy kouche. L'ap kouri tounen kote pou l' leve a ankò. 6 Van an soufle soti nan nò desann nan sid. Apre sa, li vire soti nan sid moute nan nò. Konsa, l'ap vire tounen nan menm chemen an san rete. 7 Tout dlo larivyè desann nan lanmè, men lanmè pa janm plen. Dlo a tounen kote larivyè a te soti a. Konsa, larivyè a pa janm sispann koule. 8 Tout bagay ap vire won san rete. Pa gen pawòl ki ka di jan sa ye. Je pa janm bouke wè. Zòrèy pa janm bouke tande. 9 Sa ki te rive anvan, se sa ki va rive apre. Sa yo te fè anvan an, se sa y'ap toujou fè. Pa gen anyen ki chanje sou latè beni. 10 Menm lè nou di: Gade! Men yon bagay ki nèf, bagay la te la deja depi nan tan lontan anvan nou te fèt. 11 Pesonn pa chonje sa ki te pase nan tan lontan. Konsa tou, pita, pesonn p'ap chonje sa k'ap pase koulye a. 12 Mwen menm, nèg fò, mwen te wa peyi Izrayèl nan lavil Jerizalèm. 13 Mwen te soti pou m' te fouye, pou m' te egzaminen tou sa k'ap fèt sou latè nan tout ti detay yo. Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd. 14 Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen. 15 Ou pa ka drese sa ki fin kwochi. Ou pa ka konte sa ou pa genyen. 16 Mwen di nan kè mwen: Mwen vin grannèg. Mwen vin pi fò pase tout wa ki t'ap gouvènen lavil Jerizalèm anvan m' yo. Mwen konnen sa ki rele gen konprann ak konesans. 17 Mwen te soti pou m' te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men, la ankò, mwen wè anyen pa rapòte anyen. 18 Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.

1 Kings 11:42-43

42 Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan. 43 Lè li mouri, yo antere l' nan lavil David, papa l'. Se Woboram, pitit li, ki moute nan plas li sou fotèy la.

2 Chronicles 9:30

30 Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan.

2 Chronicles 10:17-19

17 Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a. 18 Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo al bò kote moun Izrayèl yo. Men, moun Izrayèl yo kalonnen li koutwòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm. 19 Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.

Nehemiah 6:7

7 Ou menm rive ranje ak kèk pwofèt pou yo mache fè konnen nan tout lavil Jerizalèm se ou menm ki wa peyi Jida a. Koulye a, tout bri sa yo pral rive nan zòrèy wa a. Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou vin kote m' pou nou fè yon ti pale ansanm sou koze a.

Psalms 40:9

9 Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m'

Ecclesiastes 1:12

12 Mwen menm, nèg fò, mwen te wa peyi Izrayèl nan lavil Jerizalèm.

Ecclesiastes 7:27

27 Wi, men sa mwen menm filozòf la, mwen di: Antan m'ap chache konprann, lè mwen mete tou sa m' konnen yonn sou lòt, bout pou bout men sa mwen rive jwenn.

Ecclesiastes 12:8-10

8 Lavi pa vo anyen. Lavi pa sèvi anyen. Filozòf la di: Anyen pa vo anyen. 9 Men, paske filozòf la te gen bon konprann, li pa janm sispann moutre pèp la tou sa li te konnen. Li egzaminen anpil pwovèb, li etidye yo, li pran san li pou li sanble yo. 10 Li pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l' la.

Isaiah 61:1

1 Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.

Jonah 3:2

2 li di l' konsa: -Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesaj mwen te ba ou pou yo a.

2 Peter 2:5

5 Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo.

Psalms 39:5-6

5 Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a. 6 Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.

Psalms 62:9-10

9 Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou. 10 Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.

Psalms 144:4

4 Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase.

Ecclesiastes 2:11

11 Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni.

Ecclesiastes 2:15

15 Mwen di nan kè mwen: Sa ki rive moun fou yo ap rive m' tou. Nan kondisyon sa a, sa m' te bezwen gen tout konprann sa yo? Kisa sa ap pwofite m'? Mwen di nan kè m': Sa a tou, sa pa vo anyen!

Ecclesiastes 2:17

17 Se konsa lavi pa di m' anyen ankò. Tou sa mwen fè sou latè se traka li ban mwen. Paske anyen pa vo anyen, anyen pa rapòte anyen.

Ecclesiastes 2:19

19 Se ka yon moun lespri, se ka yon moun sòt. Pesonn pa konnen. Men, se pou li m'ap kite tou sa mwen te travay di fè ak lespri mwen. Sa a ankò, sa pa vo anyen.

Ecclesiastes 2:21

21 Wi, yon nonm fè travay li avèk lespri, avèk konesans, avèk ladrès. Apre sa, se pou l' pati kite l' pou yon lòt ki pa leve ni lou ni lejè nan travay la. Sa a tou, sa pa vo anyen. Sa pa bon menm.

Ecclesiastes 2:23

23 Ou pase tout lavi ou nan lapenn, nan chagren. Menm lannwit lespri ou ap travay. Sa a tou, sa pa sèvi ou anyen.

Ecclesiastes 2:26

26 Bondye bay moun ki fè l' plezi bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou l' ka bay moun ki fè l' plezi. La tou, sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.

Ecclesiastes 3:19

19 Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay la. Ni yonn ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la k'ap bat nan tou de. Moun pa gen ankenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt.

Ecclesiastes 4:4

4 Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.

Ecclesiastes 4:8

8 Se te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pa t' gen pitit gason, li pa t' gen frè. Li travay san pran souf. Li pa t' janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pa t' janm gen tan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv.

Ecclesiastes 4:16

16 Ou pa ka konte kantite moun yon wa ka gouvènen, kantite moun yon wa ka dirije. Men lè l' mouri, pesonn p'ap chonje di l' mèsi pou sa li te fè pou yo. Tou sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.

Ecclesiastes 5:10

10 Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis ou anvi genyen toujou. Sa tou, sa pa vo anyen.

Ecclesiastes 6:11

11 Plis ou nan pale anpil, plis se tan ou w'ap pèdi. Kisa sa ap rapòte ou?

Ecclesiastes 11:8

8 Di Bondye mèsi pou chak lanne li mete sou lavi ou. Ou te mèt viv lontan, pa bliye tan ou pral pase lè ou fin mouri a long anpil. Tou sa ki vin apre pa vo anyen.

Ecclesiastes 11:10

10 Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.

Ecclesiastes 12:8

8 Lavi pa vo anyen. Lavi pa sèvi anyen. Filozòf la di: Anyen pa vo anyen.

Romans 8:20

20 Paske, tout kreyasyon an te tonbe pa fòs anba pouvwa bagay ki pa vo anyen an. Se pa paske li te vle l', men se akòz moun ki te vle l' konsa a. Men, li te toujou gen espwa,

Proverbs 23:4-5

4 Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa. 5 Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.

Ecclesiastes 2:22

22 Ou travay di, ou pran kont tèt chaje ou, ou pa dòmi pou ou ka fè sa w'ap fè a. Apre sa, kisa sa rapòte ou?

Ecclesiastes 3:9

9 Kisa yon nonm jwenn nan travay li?

Ecclesiastes 4:3

3 Men, gen yon lòt moun ankò ki pi bon pase yo tou de: Se moun ki pa t' janm fèt la, paske li pa janm wè move zak k'ap fèt sou tè a.

Ecclesiastes 4:7

7 Mwen wè yon lòt bagay nan lavi a ki pa vo anyen ankò.

Ecclesiastes 5:16

16 Wi, sa se bagay ki pou fann kè nou ak lapenn: Jan nou vini an, se konsa nou prale. Nou travay, men sa p'ap rapòte nou anyen.

Ecclesiastes 5:18

18 Men sa mwen jwenn ankò: Pi bon bagay yon moun ka fè sou latè, se manje, se bwè, se jwi sa li travay di fè a, pandan de twa jou Bondye ba li pou li viv la. Men, se sa ase ki pou yon moun nan lavi.

Ecclesiastes 6:12

12 Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nwaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?

Ecclesiastes 7:11

11 Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè.

Ecclesiastes 8:15-17

15 Se konsa mwen mache di se pou tout moun jwi lavi yo, paske sèl plezi yon nonm gen nan lavi a se manje, se bwè, se pran plezi. Se sa ase li ka fè pandan l'ap travay di nan lavi Bondye ba l' pou l' viv sou latè a. 16 Chak fwa mwen pran desizyon pou m' chache konprann, chak fwa mwen pran kalkile sa k'ap pase sou latè, mwen wè ou te mèt pa janm dòmi lajounen kou lannwit, 17 ou p'ap janm ka konprann travay Bondye sou latè. Ou mèt fè sa ou vle, ou p'ap janm ka rive jwenn sa w'ap chache a. Moun ki gen bon konprann kwè yo konnen. Men yo pa konnen plis pase yon lòt.

Ecclesiastes 9:3

3 Se menm sò a pou tout moun. Sa tou, tankou tout lòt bagay ki rive sou latè, se yon malè. Se konsa, moun pase tout lavi yo ak mechanste nan kè yo, y'ap kite lide moun fou travay nan tèt yo, epi yo rete konsa yo mouri.

Ecclesiastes 9:6

6 Tout santiman yo te gen nan kè yo pou moun yo te renmen, pou moun yo te rayi, pou bagay yo te anvi, tou sa disparèt avèk yo. Yo p'ap janm patisipe nan anyen k'ap fèt sou latè ankò.

Ecclesiastes 9:13

13 Men yon lòt bagay mwen te wè ankò: Se yon bèl egzanp ki moutre sa bon konprann ka fè pou moun.

Isaiah 55:2

2 Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.

Habakkuk 2:13

13 Travay pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Seyè a menm k'ap fè sa rive konsa.

Habakkuk 2:18

18 Kisa yon estati an bwa ka fè pou nou, pou nou fè moun travay fè li pou nou? Kisa yon estati fèt ak metal yo fonn ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo?

Matthew 16:26

26 Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?

Mark 8:36-37

36 Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? 37 Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi?

John 6:27

27 Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li.

Genesis 5:3-31

3 Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt. 4 Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 5 Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an). 6 Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk. 7 Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 8 Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an). 9 Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan. 10 Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 11 Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an). 12 Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl. 13 Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 14 Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an). 15 Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd. 16 Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 17 Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an). 18 Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk. 19 Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 20 Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an). 21 Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. 22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 23 -24 Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'. 25 Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. 26 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 27 Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an). 28 Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason. 29 Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. 30 Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 31 Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).

Genesis 11:20-32

20 Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug. 21 Apre sa, li viv desansetan (207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi. 22 Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò. 23 Apre sa, li viv desanzan (200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 24 Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak. 25 Apre sa, li viv sandiznevan (119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 26 Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran. 27 Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt. 28 Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la. 29 Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska. 30 Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit. 31 Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. 32 Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (205 an).

Genesis 36:9-19

9 Men pitit pitit Ezaou, papa moun Edon yo ki rete nan mòn Seyi a. 10 Men non pitit gason Ezaou yo: Se te Elifaz, pitit Ada, madanm Ezaou, ak Reouyèl, pitit Basmat, madanm Ezaou tou. 11 Men non pitit gason Elifaz yo: Se te Teman, Oma, Zefo, Gayetan ak Kenaz. 12 Elifaz, pitit Ezaou a, te gen yon fanm kay yo te rele Timna. Se li ki manman Amalèk. Sa yo se tout pitit pitit gason Ada, madanm Ezaou. 13 Men non pitit gason Reouyèl yo: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Sa yo se pitit pitit gason Basmat, madanm Ezaou. 14 Men non pitit gason Olibama, madanm Ezaou, te fè pou li: Jeouch, Jalam ak Kore. Olibama te pitit fi Ana, pitit fi Zibeyon. 15 Men chèf branch fanmi pitit pitit Ezaou yo. Men non tout pitit gason Elifaz, premye pitit gason Ezaou a: Se te Teman, Oma, Zefo, Kenaz, 16 Kore, Gayetan ak Amalèk. Yo tout te chèf. Se pitit Elifaz sa yo ki te chèf nan peyi Edon an: Yo tout se pitit pitit Ada yo ye. 17 Men non pitit gason Reouyèl, pitit gason Ezaou a: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Yo tout te chèf tou. Se pitit Reouyèl sa yo ki te chèf nan peyi Edon an. Yo tout se pitit pitit Basmat, madanm Ezaou, yo ye. 18 Men non tout pitit gason Olibama, madan Ezaou: Se te Jeouch, Jalam ak Kore. Yo tout te chèf. Se chèf sa yo ki te pitit Olibama, madan Ezaou. Olibama te pitit fi Ana. 19 Se te non tout pitit pitit Ezaou yo sa. Yo te rele Ezaou Edon tou. Se yo ki te chèf branch fanmi yo.

Genesis 47:9

9 Jakòb reponn li: -Mwen gen santrantan (130 an) depi m'ap moute desann sou latè. Men, mwen poko prèt pou m' rive laj zansèt mwen yo te rive lè yo t'ap fè moute desann pa yo. Mwen pa gen anpil laj, se vre. Men, mwen pa manke bat mizè.

Exodus 1:6-7

6 Apre sa, Jozèf mouri, tout frè l' yo mouri tou ansanm ak tout moun menm laj ak yo. 7 Men pèp Izrayèl la te fè anpil pitit, yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin fò, yo te toupatou nan peyi a.

Exodus 6:16-27

16 Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (137 an). 17 Men pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Libni ak Chimeyi. 18 Men pitit Keyat yo: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv antou santranntwazan (133 an). 19 Men pitit Merari yo: Makli ak Mouchi. Se tout branch fanmi Levi yo sa ansanm ak pitit yo. 20 Amram te marye ak Jokebèd, ki matant li bò papa. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv antou santrannsetan (137 an). 21 Men pitit Jizeya yo: Kore, Nefèg ak Zikri. 22 Men pitit Ouzyèl yo: Mikayèl, Elsafan ak Sitri. 23 Arawon te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon. 24 Men non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa. 25 Eleaza, pitit Arawon an, te marye ak yonn nan pitit fi Poutyèl yo, ki te fè Fineas pou li. Men non tout chèf fanmi Levi yo ak tout moun pa yo. 26 Se menm Arawon sa a ansanm ak Moyiz Seyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la, gwoup pa gwoup. 27 Se yo menm tou ki t al di farawon an, wa Lejip la, pou l' fè pèp Izrayèl la soti kite Lejip. Wi, se Arawon sa a avèk Moyiz sa a ki te fè tou sa.

Psalms 89:47-48

47 Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife? 48 Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.

Psalms 90:9-10

9 Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini. 10 Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.

Psalms 102:24-28

24 Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'. 25 Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou. 26 Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la. 27 Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote. 28 Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri. Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.

Psalms 104:5

5 Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.

Psalms 119:90-91

90 Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm. 91 Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.

Zechariah 1:5

5 Kote zansèt nou yo ye koulye a? Eske pwofèt yo te ka viv san yo pa janm mouri?

Matthew 24:35

35 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.

2 Peter 3:10-13

10 Men, jou Seyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l' va boule, y'ap tounen sann. 11 Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase. 12 Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l' rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife. 13 Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt.

Genesis 8:22

22 Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p'ap janm sispann.

Joshua 10:13-14

13 Solèy la rete kote l' te ye a, lalin lan pa fè yon pa jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l' yo. Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l' al kouche. 14 Ni anvan sa, ni apre sa, pa janm gen yon jou tankou jou sa a lè Seyè a te fè sa yon moun te mande l' fè, epi li goumen pou pèp Izrayèl la.

Psalms 19:4-6

4 Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi. 5 Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la. 6 Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la.

Psalms 42:1

1 Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo.

Psalms 89:36-37

36 Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti. 37 Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.

Psalms 104:19-23

19 Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche. 20 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò. 21 Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje. 22 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo. 23 Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche.

Jeremiah 33:20

20 -Mwen pase yon kontra ak lajounen, yon kontra ak lannwit pou yo toujou rive lè pou yo rive a. Eske nou ka kraze kontra sa yo? Non.

Habakkuk 3:11

11 Flèch ou yo pati tankou zèklè. Lans ou yo klere byen klere. Lalin ak solèy pa parèt tèt yo deyò.

Job 37:9

9 Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò.

Job 37:17

17 Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou.

Psalms 107:25

25 Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move.

Psalms 107:29

29 Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt.

Ecclesiastes 11:5

5 Menm jan ou pa konnen ni kote van an soti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòme nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay.

Jonah 1:4

4 Men, Seyè a voye yon gwo van sou lanmè a. Yon sèl gwo van tanpèt leve, batiman an te prèt pou koule.

Matthew 7:24

24 Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.

Matthew 7:27

27 Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale.

John 3:8

8 Van an soufle kote l' vle. Ou tande bri l'ap fè. Men, ou pa konnen ki bò l' soti, ni ki bò l' prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye.

Acts 27:13-15

13 Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Finiks. Yo leve lank, yo pran lonje kòt lil la. 14 Men, yon lòt moman, yon gwo van yo rele nòde desann soti nan mòn lil la. 15 Li pran trennen batiman an. pa t' gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l' pote n' ale.

Job 38:10-11

10 mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li. 11 Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.

Psalms 104:6-9

6 Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo. 7 Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò. 8 Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo. 9 Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò.

Psalms 63:5

5 Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè.

Proverbs 27:20

20 Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.

Proverbs 30:15-16

15 Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen! Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont. 16 Men yo: Se peyi kote mò yo ye a, se fanm ki pa ka fè pitit, se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife. Bagay sa yo pa janm di ase.

Ecclesiastes 4:1-4

1 Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo. 2 Mwen wè sò moun mouri yo miyò pase sò moun vivan yo. 3 Men, gen yon lòt moun ankò ki pi bon pase yo tou de: Se moun ki pa t' janm fèt la, paske li pa janm wè move zak k'ap fèt sou tè a. 4 Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.

Ecclesiastes 5:10-11

10 Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis ou anvi genyen toujou. Sa tou, sa pa vo anyen. 11 Plis ou gen lajan, se plis bouch w'ap gen pou bay manje. Sèl benefis ou jwenn nan tou sa, se wè w'a wè ou rich.

Ecclesiastes 7:24-26

24 Lavi se yon mistè. Li tankou yon twou san fon. Ki moun ki ka rive konprann li? 25 Men, mwen pran san m' pou m' chache konnen, pou m' egzaminen tout bagay. Mwen te soti pou m' te konprann, pou m' te jwenn repons pou tout keksyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m' te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare. 26 Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo.

Matthew 5:6

6 Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.

Matthew 11:28

28 Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

Romans 8:22-23

22 Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche. 23 Epi se pa li menm sèlman. Nou menm tou ki resevwa Sentespri Bondye a tankou premye kado Bondye fè nou, n'ap pouse gwo soupi nan kè nou pandan n'ap tann Bondye fin fè nou tounen pitit li nèt, fin delivre kò nou yo.

Revelation 7:16-17

16 Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo. 17 Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.

Ecclesiastes 2:12

12 Lè ou gade byen, kisa yon wa ka fè pase sa wa ki te anvan l' yo te fè? Apre sa, mwen pran kalkile sa sa vle di lè yon moun gen konprann, osinon lè yon moun sòt, ou ankò lè yon moun fou.

Ecclesiastes 3:15

15 Sa ki rive koulye a te rive deja! Sa ki gen pou rive te rive deja tou! Bondye fè bagay ki te rive deja rive ankò!

Ecclesiastes 6:10

10 Tou sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l'.

Ecclesiastes 7:10

10 Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n'ap viv koulye a. Moun ki gen bon konprann p'ap mande bagay konsa.

Isaiah 43:19

19 Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.

Jeremiah 31:22

22 Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Koulye a se fanm k'ap liyen gason.

2 Peter 2:1

1 Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.

Revelation 21:1

1 Apre sa, mwen wè yon lòt sièl ak yon lòt latè. Premie sièl la ak premie latè a te disparèt. pa t' gen okenn lanmè ankò.

Revelation 21:5

5 Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè.

Matthew 5:12

12 Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.

Matthew 23:30-32

30 Epi n'ap di: Si nou te viv nan tan zansèt nou yo, nou pa ta dakò ak yo lè yo t'ap touye pwofèt yo. 31 Lè nou di sa, nou admèt nou menm tou se pitit pitit moun ki te ansasinen pwofèt yo nou ye. 32 Konsa, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te kòmanse fè a.

Luke 17:26-30

26 Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini. 27 Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout. 28 Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. 29 Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri. 30 Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.

Acts 7:51

51 Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.

1 Thessalonians 2:14-16

14 Frè m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo. 15 Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Seyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m' ansanm ak zanmi m' yo. Yo pa soti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun. 16 Y'ap fè sa yo kapab pou anpeche m' pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou kònn fè a. Men, koulye a kòlè Bondye tonbe sou yo.

2 Timothy 3:8

8 Menm jan ou te wè Janès ak Janbrès t'ap fè Moyiz opozisyon an, konsa tou moun sa yo ap fè verite a opozisyon. Se yon bann moun ki gen lespri yo deraye. Bondye voye yo jete paske yo pa gen konfyans tout bon nan li.

Psalms 9:6

6 Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.

Ecclesiastes 2:16

16 Pesonn p'ap janm chonje moun ki gen konprann yo ni tou yo p'ap chonje moun sòt yo. Pi devan, n'ap bliye yo tout. Nou tout gen pou mouri, kit nou gen bon konprann kit nou sòt.

Ecclesiastes 9:5

5 Wi. Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen. Yo pa bezwen tann anyen ankò pou sa yo fè. Talè konsa tout moun bliye yo.

Isaiah 41:22-26

22 Pwoche non! Vin di sa ki gen pou rive! Kisa nou te di k'ap rive ki rive vre? Di nou ki jan sa pral pase pou n' ka pran prekosyon nou! Fè nou konnen sa ki gen pou rive pou n' ka rekonèt sa lè l'a rive vre! 23 Di nou kisa ki gen pou rive pita. Lè sa a, n'a konnen se bondye nou ye vre! Fè kichòy non, li te mèt bon, li te mèt pa bon, pou n' ka wè l', pou nou ka egzaminen l' ansanm! 24 Men, gade! Se pa anyen nou ye! Tou sa n'ap fè yo pa vo anyen menm! Se yon avilisman pou moun ki pran nou pou bondye yo! 25 Se mwen menm ki chwazi yon nonm soti bò solèy leve. Se mwen menm ki fè l' desann soti nan nò vin atake. Li kraze tout chèf yo tankou labou anba pye l', menm jan moun k'ap fè krich kraze tè pou l' travay. 26 Anvan sa te rive, kilès nan nou ki te di sa pou n' te ka konnen? Ki moun ki te di davans sa tapral rive konsa, pou n' te ka di se vre? Non. Pesonn pa t' di anyen sou sa. Pyès moun pa janm tande nou di yon mo sou sa.

Isaiah 42:9

9 Gade! Tou sa mwen te di k'ap rive rive vre. Mwen pral di nou lòt bagay ki gen pou rive. Mwen pral fè nou konnen sa anvan menm sa rive.

1 Kings 4:1-19

1 Salomon te wa sou tout pèp Izrayèl la nèt. 2 Men non chèf ki te nan gouvènman li an: Azarya, pitit Zadòk, te prèt la. 3 Elikorèf ak Akija, pitit gason Chicha yo, te sekretè palè a. Jozafa, pitit Ayiloud, te reskonsab achiv wa a. 4 Benaja, pitit gason Jeojada, te kòmandan tout lame a. Zadòk ak Abyata te prèt. 5 Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonèl wa a. 6 Ayicha te chèf kanbiz palè a. Adoniram, pitit gason Abda, te reskonsab travay kòve yo. 7 Salomon te chwazi douz gouvènè pou tout peyi a. Travay yo se te ranmase manje nan zòn sou reskonsablite yo pou wa a ak tout moun lakay li yo, yo chak pandan yon mwa nan lanne a. 8 Men non douz gouvènè yo ak zòn sou reskonsablite yo chak: Bennour, pou zòn mòn Efrayim yo, 9 Benndeke, pou zòn lavil Makaz, lavil Chalbim, lavil Bèt-Chemèch, lavil Elon ak lavil Bèt anan. 10 Bennesèd, pou zòn lavil Awoubòt, lavil Soko ak tout peyi Efè a. 11 Bennabinadab, ki te marye ak Tafat, pitit fi Salomon an, pou tout zòn Dò a. 12 Bana, pitit gason Akiloud, pou zòn lavil Tanak, lavil Megido, pou tout zòn bò lavil Bèt-Chean toupre lavil Zaretan, sou bò sid lavil Jizreyèl la rive lavil Abèl Meola ak lavil Jokmeyam. 13 Benngebè, pou lavil Ramòt nan peyi Galarad, ak tout ti bouk nan peyi Galarad la ki pou branch fanmi Jayi, pitit Manase, ak tout zòn Agòb nan peyi Bazan. Antou swasant gwo lavil fèmen dèyè gwo miray ranpa ak gwo pòtay bare ak poto kwiv. 14 Akinadad, pitit gason Ido, pou zòn Manayim. 15 Akimaz, ki te marye ak Basmat, yonn nan pitit Salomon yo, pou zòn Neftali a. 16 Bana, pitit gason Ouchayi, pou zòn Asè a ak lavil Bealòt. 17 Jozafa, pitit gason Pawouk, pou zòn Isaka a. 18 Chimeyi, pitit gason Ela, pou zòn Benjamen an. 19 Gebè, pitit gason Ouri, pou zòn Galarad, ansyen peyi Siyon, wa moun Amon yo ak Og, wa peyi Bazan an. Te gen yon gouvènè jeneral tou pou tout peyi a.

Ecclesiastes 1:1

1 Men pawòl pitit David la, filozòf la, ki te wa nan lavil Jerizalèm.

Genesis 3:19

19 Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.

Psalms 111:2

2 Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.

Proverbs 2:2-4

2 Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo. 3 Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann. 4 Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan.

Proverbs 4:7

7 Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.

Proverbs 18:1

1 Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy.

Proverbs 18:15

15 Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou.

Proverbs 23:26

26 Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.

Ecclesiastes 1:17

17 Mwen te soti pou m' te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men, la ankò, mwen wè anyen pa rapòte anyen.

Ecclesiastes 3:10

10 Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè.

Ecclesiastes 7:25

25 Men, mwen pran san m' pou m' chache konnen, pou m' egzaminen tout bagay. Mwen te soti pou m' te konprann, pou m' te jwenn repons pou tout keksyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m' te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare.

Ecclesiastes 8:9

9 Mwen wè tou sa, lè m' t'ap kalkile sou sa k'ap pase sou latè. Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri.

Ecclesiastes 12:12

12 Pitit mwen, men sa pou ou fè: Pran leson sou bagay sa yo. Si pou yo ta ekri anpil liv, yo pa ta janm fini. Lè ou etidye twòp, sa fè kè ou fè ou mal.

1 Timothy 4:15

15 Fè travay sa a ak anpil swen, bay tout tan ou pou li, pou tout moun ka wè jan w'ap fè pwogrè.

1 Kings 4:30-32

30 Salomon te gen plis bon konprann pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi bò solèy leve yo, osinon pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi Lejip. 31 Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t'ap nonmen non Salomon. 32 Li te ekri twamil (3.000) pwovèb ak mil senk (1.005) chante pou pi piti.

Ecclesiastes 1:17-18

17 Mwen te soti pou m' te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men, la ankò, mwen wè anyen pa rapòte anyen. 18 Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.

Ecclesiastes 6:9

9 Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.

Job 11:6

6 Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.

Job 34:29

29 Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.

Ecclesiastes 3:14

14 Mwen konnen tou sa Bondye fè la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ou pa ka wete anyen ladan l'. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li.

Ecclesiastes 7:12-13

12 Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l'. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l' konnen an ap fè l' viv. 13 Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi?

Isaiah 40:4

4 Se pou yo konble tout fon yo! Se pou yo kase tèt mòn yo ak tèt bit yo! Se pou ti mòn yo tounen platon, se pou tout mòn yo vin tè pla!

Lamentations 3:37

37 Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.

Daniel 4:35

35 Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont!

Matthew 6:27

27 Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, kapab mete kèk lanne an plis sou lavi l'?

1 Kings 3:12-13

12 M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou. 13 Lèfini, m'ap ba ou sa ou pa t' mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen ankenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la.

1 Kings 4:30

30 Salomon te gen plis bon konprann pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi bò solèy leve yo, osinon pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi Lejip.

1 Kings 10:7

7 Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di m' lan.

1 Kings 10:23-24

23 Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout. 24 Tout moun toupatou te vle vin wè l' pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li.

2 Kings 5:20

20 Gerazi, domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l': --Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l' te pote pou li a. Mwen pran Seyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l' pou m' pran kichòy nan men l'.

2 Chronicles 1:10-12

10 Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m' ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l'. 11 Bondye reponn Salomon: -Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m' ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m' pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m' konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an. 12 M'ap ba ou konesans ak bon konprann. Men an plis, m'ap ba ou richès, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa ki va vin apre ou.

2 Chronicles 2:12

12 Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a! Paske li bay wa David yon pitit gason ki gen anpil bon konprann, anpil lespri epi ki veye tou sa l'ap fè, yon pitit ki koulye a fè lide bati yon tanp pou Seyè a ansanm ak yon palè pou tèt pa l'.

2 Chronicles 9:22-23

22 Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo. Li te gen plis bon konprann pase yo tout. 23 Tout wa toupatou te vin wè Salomon pou tande bèl pawòl Bondye te mete nan bouch li.

Psalms 4:4

4 Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'.

Psalms 77:6

6 M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.

Ecclesiastes 2:9

9 Wi, pou grannèg mwen te grannèg, pi grannèg pase tout lòt moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Men, mwen pa janm kite sa vire tèt mwen.

Isaiah 10:7-14

7 Men, wa peyi Lasiri a pa t' wè bagay la konsa. Se pa konsa li te konprann li. Paske lide li te met nan tèt li se kraze brize, se disparèt anpil anpil nasyon. 8 Li t'ap plede di: Tout chèf lame mwen yo se wa yo ye nan lòt peyi! 9 Mwen pran lavil Kalno menm jan mwen te pran lavil Kakemich. Mwen pran lavil Amat menm jan mwen te pran lavil Apad. Mwen pran lavil Samari menm jan mwen te pran lavil Damas. 10 Menm jan mwen te leve men m' pou m' te pini peyi k'ap sèvi zidòl yo, peyi ki te gen plis estati zidòl pase lavil Jerizalèm ak lavil Samari, 11 menm jan nou wè mwen te aji ak Samari ak zidòl li yo, se konsa m'ap aji ak lavil Jerizalèm ak pòtre l'ap adore yo. 12 Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun. 13 Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'. 14 Nasyon latè yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pa t' gen yonn ki bat zèl li pou fè m' pè. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen.

Jeremiah 22:14

14 Madichon pou moun k'ap plede di: mwen pral bati yon gwo kay ak chanm byen laj nan chanmòt yo. Yo mete fennèt nan kay yo, yo palisade yo ak bwa sèd, yo pentire yo tou wouj.

Ezekiel 38:10-11

10 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou. 11 Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè.

Daniel 4:30

30 li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.

Hebrews 5:14

14 Okontrè, se granmoun ki manje gwo manje, paske granmoun yo konn jije, yo konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal.

Ecclesiastes 1:13-14

13 Mwen te soti pou m' te fouye, pou m' te egzaminen tou sa k'ap fèt sou latè nan tout ti detay yo. Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd. 14 Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen.

Ecclesiastes 2:3

3 Tèlman mwen t'ap chache gen konprann, mwen pran desizyon lage kò m' nan bwè bweson, nan viv tankou moun fou. Mwen di nan kè m': Ou pa janm konnen, se ka sa ki pi bon pou yon moun fè pandan de twa jou l'ap pase sou tè a.

Ecclesiastes 2:10-12

10 Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen ankenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen. 11 Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni. 12 Lè ou gade byen, kisa yon wa ka fè pase sa wa ki te anvan l' yo te fè? Apre sa, mwen pran kalkile sa sa vle di lè yon moun gen konprann, osinon lè yon moun sòt, ou ankò lè yon moun fou.

Ecclesiastes 7:23-25

23 Mwen sèvi avèk bon konprann mwen pou m' fè tout esperyans sa yo nan lavi. Mwen di mwen ta renmen gen bon konprann. Men, mwen pa t' janm rive genyen l'. 24 Lavi se yon mistè. Li tankou yon twou san fon. Ki moun ki ka rive konprann li? 25 Men, mwen pran san m' pou m' chache konnen, pou m' egzaminen tout bagay. Mwen te soti pou m' te konprann, pou m' te jwenn repons pou tout keksyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m' te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare.

1 Thessalonians 5:21

21 Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon.

Job 28:28

28 Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

Ecclesiastes 7:16

16 Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè?

Ecclesiastes 12:12-13

12 Pitit mwen, men sa pou ou fè: Pran leson sou bagay sa yo. Si pou yo ta ekri anpil liv, yo pa ta janm fini. Lè ou etidye twòp, sa fè kè ou fè ou mal. 13 Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.

1 Corinthians 3:18-20

18 Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon. 19 Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan. 20 Nou jwenn sa ekri tou: Bondye konnen lide moun save yo mete nan tèt yo, li konnen tou sa pa vo anyen.

James 3:13-17

13 Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann. 14 Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a. 15 Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la. 16 Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste. 17 Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.