2 Kings 24:13 Cross References - Haitian

13 Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.

1 Kings 7:48-50

48 Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a, 49 dis lanp sèt branch pou ranje devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, senk sou bò dwat, senk sou bò gòch, flè yo, ti lanp yo ak pensèt pou lanp sèt branch yo, 50 gode yo, kouto pou netwaye lanp yo, bòl yo, plato pou lansan yo, plato pou pote chabon dife tou limen yo, gon pou pòt pyès ki apa nèt pou Seyè a, ak gon pou lòt pòt tanp lan menm. Tout bagay sa yo te fèt ak bon lò.

2 Kings 20:17

17 Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.

2 Kings 25:13-15

13 Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak sipò yo ak basin kwiv yo. Yo kraze yo an ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn. 14 Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo, kiyè yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan tanp lan. 15 Chèf lagad la pran kivèt yo, recho yo ak dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan:

2 Chronicles 4:7-22

7 Salomon fè fè dis gwo lanp sèt branch an lò, dapre jan pou yo te fè yo a. Li mete yo nan Tanp lan, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat. 8 Li fè fè dis tab pou mete nan Tanp lan tou, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat. Li fè fè san bòl an lò. 9 Li fè yo bati lakou anndan an pou prèt yo ak gwo lakou a ak tout pòtay li yo. Tout pòtay yo te kouvri ak kwiv. 10 Li fè mete gwo basen lan menm sou bò dwat Tanp lan, nan kwen sidès la. 11 Iram te fè plato pou sann dife, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l' fè pou Tanp Seyè a. 12 Men sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk won yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo, ak desen ti chenn mare yonn ak lòt ki te kouvri de blòk tèt poto yo, 13 katsan (400) pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ki kouvri blòk won ki sou tèt poto yo, 14 dis kabwa yo, dis basen ki pou ale sou kabwa yo, 15 yon gwo basen tou won pou mete dlo, douz towo pou soutni basen lan, 16 plato pou sann yo, pèl yo ak fouchèt yo. Bòs Iram te fè tout bagay sa yo an kwiv poli pou Tanp Seyè a, dapre lòd li te resevwa nan men wa Salomon. 17 Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan. 18 Te sitèlman gen anpil bagay fèt an kwiv, Salomon pa t' chache konn pèz yo. 19 Salomon fè fè tout mèb an lò yo te bezwen pou Tanp lan: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye yo, 20 gwo lanp sèt branch yo ak tèt lanp fèt ak bon lò yo ki fèt pou limen devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, jan pou yo fè l' la, 21 flè yo, lanp yo ak pensèt pou gwo lanp sèt branch yo, 22 kouto yo, gode yo, bòl yo, recho pou pote chabon tou limen yo. Tout bagay sa yo te fèt ak bon jan lò. Batan pòt ki bay sou deyò Tanp lan ak batan pòt ki bay sou pyès ki apa nèt pou Seyè a te kouvri nèt ak lò tou.

Ezra 1:7-11

7 Nan tan lontan, wa Nèbikadneza te pran tout bòl ak tout lòt bagay ki t'ap sèvi nan tanp Seyè a lavil Jerizalèm, li te mete yo nan tanp bondye pa l' la. Wa Siris fè chache tout bagay sa yo. 8 Li fè Mitridat ki te reskonsab tout richès peyi a mete yo deyò pou l' te kontwole yo bay Chechbaza, gouvènè peyi Jida a. 9 Men sa yo te jwenn: trant gwo bòl an lò pou mete ofrann mil (1.000) gwo bòl an ajan pou mete ofrann ventnèf lòt gwo kouto 10 trant ti bòl an lò katsandis (410) ti bòl an ajan mil (1.000) lòt kalite bagay. 11 Antou, sa te fè senkmilkatsan (5.400) divès kalite bagay an lò ak an ajan. Se tout bagay sa yo Chechbaza te pran ak li lè li t'ap kite lavil Babilòn ansanm ak lòt moun yo te depòte yo, pou tounen lavil Jerizalèm.

Isaiah 39:6

6 Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.

Jeremiah 20:5

5 M'ap fè lènmi yo piye tout richès ki nan lavil la, tou sa moun yo travay fè, tout bèl bagay koute chè yo sere, ata trezò wa Jida yo. M'ap lage tou sa nan men lènmi yo. Yo pral piye yo, y'ap pran tou sa yo genyen pote ale lavil Babilòn.

Jeremiah 27:16-21

16 Apre sa, mwen pale ak prèt yo ansanm ak pèp la, mwen di yo: -Men mesaj Seyè a bay. Pa koute pwofèt yo k'ap plede di nou yo pral pote tounen soti lavil Babilòn tout bagay yo te pran nan tanp lan. Se manti y'ap bay. 17 Pa koute yo. Soumèt devan wa Babilòn lan, konsa n'a viv. Pa gen rezon pou nou fè lavil Jerizalèm lan tounen mazi. 18 Si yo se pwofèt tout bon, si yo resevwa yon mesaj nan men Seyè a tout bon vre, enben, se pou y' al mande Seyè ki gen tout pouvwa a pou li pa kite yo pran rès bon bagay ki nan Tanp lan, ak rès bon bagay ki lakay wa peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm lan pou pote yo ale lavil Babilòn. 19 Seyè a t'ap pale sou gwo poto kwiv yo, sou gwo basen lan ansanm ak pye l' yo, sou tout lòt richès ki te nan lavil la toujou. 20 Se bagay sa yo Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te kite lavil Jerizalèm lè li t'ap depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, lavil Babilòn, ansanm ak grannèg peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo. 21 Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, te di sou rès bon bagay ki te nan kay Seyè a, nan kay wa Jida a ak nan lavil Jerizalèm:

Jeremiah 28:3-4

3 Nan dezan, jou pou jou, m'ap pote tout bagay ki te nan tanp Seyè a tounen nan plas yo. Wi, tou sa wa Nèbikadneza te pran nan tanp lan pou l' te pote ale lavil Babilòn, m'ap fè yo tounen nan plas yo. 4 M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.

Jeremiah 28:6

6 Li di konsa: -Dakò! Se pou Seyè a fè sa vre! Se pou li fè sa ou di a rive vre, pou l' fè tout bagay ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak moun yo te depòte yo tounen soti lavil Babilòn.

Daniel 5:2-3

2 Antan yo t'ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y' al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l', Nèbikadneza, te pran nan tanp lavil Jerizalèm lan. Li te fè chache yo pou l' te bwè ladan yo ansanm ak chèf li yo, madanm li yo ak fanm kay li yo. 3 Lamenm, yo pote gode an lò ak gode an ajan yo, epi yo tout yo tanmen bwè ladan yo.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.