2 Chronicles 6:8 Cross References - Haitian

8 Men, Seyè a te di l': Ou byen fèt gen lide bati yon kay pou mwen.

1 Kings 8:18-21

18 Men, Seyè a te di l': Ou byen fèt gen lide bati yon tanp pou mwen. 19 Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati Tanp lan pou mwen. 20 Koulye a, Seyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l' la, se mwen ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotèy wa a Izrayèl la, mwen bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 21 Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a ki gen de moso wòch plat kote Seyè a te ekri kontra li te pase ak zansèt nou yo lè li te fè yo soti kite peyi Lejip.

Mark 14:8

8 Fanm lan fè sa l' te kapab. Depi davans li tou benyen kò m' pou lantèman mwen.

2 Corinthians 8:12

12 Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.