Psalms 150:3-6

Haitian(i) 3 Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo! 4 Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen! 5 Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri! 6 Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!