Psalms 139:21-24

Haitian(i) 21 Seyè, kouman ou ta vle pou m' pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m' pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo? 22 Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m'. 23 Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'! 24 Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an.