Psalms 139:2-4

Haitian(i) 2 Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen. 3 Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè. 4 Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.