Proverbs 23:31-33

Haitian(i) 31 Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou. 32 Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou. 33 W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.