Philippians 4:17-18

Haitian(i) 17 Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja. 18 Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi.