Philippians 1:15-30

Haitian(i) 15 Gen ladan yo k'ap fè konnen Kris la paske jalouzi moute yo nan tèt, yo ta renmen ban m' traka. Se vre. Men, gen lòt tou k'ap fè l' ak bon lide nan tèt yo. 16 Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l', paske yo konnen se Bondye menm ki ban m' travay sa a pou m' ka defann bon nouvèl la. 17 Men, lòt yo ap fè konnen Kris la ak move lide dèyè tèt yo, y'ap fè l' pou lanbisyon pèsonèl pa yo. Y'ap fè l' pou chache m' kont. Yo konprann yo ka fè m' lapenn antan m' nan prizon an. 18 Men, sa pa fè m' anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fè konnen. Epi sa fè kè m' kontan. M'ap pi kontan toujou, 19 paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen. 20 Paske, mwen ta renmen pou m' pa soti wont nan anyen. Se la tout espwa m' pou m' ka pale ak kouraj, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri. 21 Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutèt sa lanmò se yon gany pou mwen. 22 Men, si antan m'ap viv sou tè a toujou, mwen ka fè kèk travay ankò pou Seyè a, nan ka sa a, mwen pa konn sa m' pito. 23 Mwen ta renmen fè tou de: Mwen ta renmen mouri pou m' ta avè Kris la. Sa ta pi bon anpil pou mwen. 24 Men, li ta pi bon pou nou pou m' rete viv sou latè. 25 Mwen sèten se sa k'ap rive menm. Se poutèt sa, mwen konnen mwen gen pou m' rete, pou m' ka viv ansanm ak nou, pou m' ede nou grandi, pou m' ka fè nou kontan nan konfyans nou gen nan Bondye. 26 Konsa, lè m'a tounen bò kote nou, m'a ban nou yon bèl okazyon pou nou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. 27 Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bon nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m' tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m' tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvèl la fè nou gen nan Bondye. 28 Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye. 29 Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou. 30 Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk koulye a, jan nou konnen an.