Numbers 5:19-28

Haitian(i) 19 Prèt la va mande madanm lan pou li sèmante. L'a di l' konsa: Si ou pa kouche avèk okenn lòt gason pase avèk mari ou, si ou pa lage kò ou nan dezòd ki pou ta mete ou nan kondisyon pou ou pa ka fè sèvis pou Bondye, ou mèt bwè dlo anmè sa a, dlo ki bay madichon an, anyen p'ap rive ou. 20 Men, si ou te lage kò ou nan dezòd vre, si ou pa nan kondisyon pou ou fè sèvis pou Bondye, paske ou te kouche ak yon gason ki pa mari ou, 21 se pou Seyè a fè tout moun pran non ou pou bay madichon. Se pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Se pou vant ou anfle. 22 Se pou dlo anmè ki bay madichon an antre nan vant ou pou fè l' anfle, pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Madanm lan va reponn: -Mwen dakò. Se pou Seyè a fè m' sa vre, si m' antò! 23 Lè sa a, prèt la va ekri sèman an yon kote, epi l'a lave kote li te ekri a ak dlo anmè a pou efase sa l' te ekri a. 24 Apre sa, l'a fè madanm lan bwè dlo anmè ki bay madichon an, pou dlo a pase nan kò l' ba li gwo doulè nan vant. 25 Prèt la va pran ofrann farin lan nan men madanm lan, l'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann, epi l'a mete l' sou lotèl la. 26 Apre sa, l'a pran yon ponyen nan farin lan, l'a ofri l' bay Bondye, l'a boule l' sou lotèl la. Se konsa l'a mete tout farin lan nèt apa pou Seyè a. Apre sa, l'a fè fanm lan bwè dlo a. 27 Si fanm lan te antò vre, si li te twonpe mari l', dlo a va desann nan kò l', l'a ba li gwo doulè. Vant li va anfle, li p'ap janm ka fè pitit ankò, epi non l' va sèvi pou bay madichon. 28 Men, si fanm lan inonsan, si li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, anyen p'ap rive l', l'ap toujou ka fè pitit.