Numbers 5:13-31

Haitian(i) 13 si li kouche ak yon lòt gason san mari l' pa konn sa, si li te kache kò l' pandan li t'ap fè bagay ki mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis pou Bondye a, kifè pa gen temwen ki pou pale kont li, ni yo pa t' kenbe l' nan men, 14 osinon si yon mari vin sispèk madanm li nan dezòd, kifè madanm lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye, kit madanm lan fè l' vre, kit li pa fè l', 15 nonm lan va mennen madanm lan bay prèt la, epi l'a pote ofrann madanm lan gen pou fè nan ka sa a: se va de liv farin lòj. Li p'ap bezwen vide lwil sou li, ni li p'ap bezwen mete lansan sou li, paske se yon ofrann l'ap fè paske li sispèk kichòy, se yon ofrann l'ap fè pou l' ka konn verite a. 16 Apre sa, prèt la va fè madanm lan pwoche vin kanpe devan lotèl Seyè a. 17 Prèt la va pran ti gout dlo nan kivèt la, l'a mete l' nan yon veso fèt an fè, l'a pran yon priz pousyè tè nan Tant Randevou a, l'a mete l' nan dlo a. 18 Lèfini, l'a fè madanm lan kanpe devan lotèl Seyè a, l'a wete twal ki sou tèt madanm lan, epi l'a mete ofrann farin lan nan de pla men l' yo. Prèt la menm va kenbe nan men l' veso ki gen dlo anmè a, dlo ki bay madichon an. 19 Prèt la va mande madanm lan pou li sèmante. L'a di l' konsa: Si ou pa kouche avèk okenn lòt gason pase avèk mari ou, si ou pa lage kò ou nan dezòd ki pou ta mete ou nan kondisyon pou ou pa ka fè sèvis pou Bondye, ou mèt bwè dlo anmè sa a, dlo ki bay madichon an, anyen p'ap rive ou. 20 Men, si ou te lage kò ou nan dezòd vre, si ou pa nan kondisyon pou ou fè sèvis pou Bondye, paske ou te kouche ak yon gason ki pa mari ou, 21 se pou Seyè a fè tout moun pran non ou pou bay madichon. Se pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Se pou vant ou anfle. 22 Se pou dlo anmè ki bay madichon an antre nan vant ou pou fè l' anfle, pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Madanm lan va reponn: -Mwen dakò. Se pou Seyè a fè m' sa vre, si m' antò! 23 Lè sa a, prèt la va ekri sèman an yon kote, epi l'a lave kote li te ekri a ak dlo anmè a pou efase sa l' te ekri a. 24 Apre sa, l'a fè madanm lan bwè dlo anmè ki bay madichon an, pou dlo a pase nan kò l' ba li gwo doulè nan vant. 25 Prèt la va pran ofrann farin lan nan men madanm lan, l'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann, epi l'a mete l' sou lotèl la. 26 Apre sa, l'a pran yon ponyen nan farin lan, l'a ofri l' bay Bondye, l'a boule l' sou lotèl la. Se konsa l'a mete tout farin lan nèt apa pou Seyè a. Apre sa, l'a fè fanm lan bwè dlo a. 27 Si fanm lan te antò vre, si li te twonpe mari l', dlo a va desann nan kò l', l'a ba li gwo doulè. Vant li va anfle, li p'ap janm ka fè pitit ankò, epi non l' va sèvi pou bay madichon. 28 Men, si fanm lan inonsan, si li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, anyen p'ap rive l', l'ap toujou ka fè pitit. 29 Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l', lè li lage kò l' nan dezòd pou l' fè sa li pa t' dwe fè, 30 osinon lè yon nonm sispèk madanm l' ap twonpe l'. L'a mennen madanm lan devan lotèl Seyè a, epi prèt la va fè sèvis sa a pou madanm lan. 31 Mari a p'ap reskonsab anyen ki ka rive madanm lan. Men madanm lan, si l' antò, va pote chay peche l' la.