Numbers 3:39

Haitian(i) 39 Lè Moyiz ak Arawon te fè resansman moun fanmi Levi yo, chak fanmi apa, dapre lòd Seyè a te bay yo a, yo jwenn antou venndemil (22.000) gason, depi sa ki te gen yon mwa depi yo te fèt jouk sa ki pi gran yo.