Numbers 31:22-24

Haitian(i) 22 Tout moso lò, tout moso ajan, tout bout fè, tout moso kwiv, tout moso plon, 23 tou sa ki pa ka boule nan dife, n'a pase yo nan dife pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Men tou sa ki ka boule nan dife, se nan dlo yo mete apa pou sa a n'a pase yo pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. 24 Sou setyèm jou a, n'a lave rad ki sou nou yo. Konsa n'a nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye. Se lè sa a n'a ka antre nan kan an.