Numbers 17:6-9

Haitian(i) 6 Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo. Epi chak chèf pote ba li yon branch bwa, yonn pou chak branch fanmi. Sa te fè douz branch bwa antou. Branch bwa Arawon an te nan mitan tout lòt yo. 7 Moyiz pran tout branch bwa yo, li mete yo devan Bwat Kontra Seyè a, nan Tant Randevou a. 8 Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an, ki pou branch fanmi Levi a, te fè flè. Li te gen tan fè bouton, flè yo te louvri, zanmann yo te mi. 9 Moyiz pran tout branch bwa yo ki te devan lotèl Seyè a, li pote yo bay moun pèp Izrayèl yo. Yo wè sa ki rive, epi chak chèf pran branch bwa ki te pou yo a.