Mark 9:38-40

Haitian(i) 38 Jan di l' konsa: -Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fè sa, paske li pa t'ap mache avèk nou. 39 Jezi reponn li: -Kite l' non. Paske yon moun ki pran non m' pou fè mirak pa kapab pale m' mal apre sa. 40 Moun ki pa kont nou, se moun pa nou li ye.