Mark 14:8-9

Haitian(i) 8 Fanm lan fè sa l' te kapab. Depi davans li tou benyen kò m' pou lantèman mwen. 9 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bon nouvèl la, y'a rakonte sa fanm lan fè la a tou pou yo pa janm bliye li.