Malachi 2:1-8

Haitian(i) 1 Koulye a, men lòd mwen bay prèt yo: 2 Si nou pa koute sa m'ap di nou la a, si nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m'ap voye madichon sou nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale konsa wi. M'ap madichonnen tout bon bagay k'ap vin pou nou yo. Wi, mwen madichonnen yo deja, paske nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen. 3 Mwen pral touye pitit nou yo. Mwen pral voye salte, tripay bèt nou ofri yo nan figi nou. Lèfini, m'ap voye nou jete ansanm ak yo. 4 Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki te ban nou lòd sa a, pou kontra mwen te pase ak fanmi Levi a ka toujou la. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. 5 Nan kontra mwen te pase ak yo a, mwen te pwomèt mwen t'ap ba yo lavi ak kè poze. E mwen te ba yo l'. Yo menm, se pou yo te gen krentif pou mwen. Yo te gen krentif pou mwen vre, yo te respekte m'. 6 Se verite ase ki te soti nan bouch yo. Yo pa t' janm chache twonpe m'. Yo toujou mache avè m' ak kè poze. Yo t'ap fè sa ki dwat. Yo te fè anpil moun sispann fè sa ki mal. 7 Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye. 8 Men, nou menm prèt yo, nou kite chemen Bondye a. Nou lakòz anpil moun pa kenbe kòmandman mwen bay yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pa kenbe kontra mwen te fè ak moun fanmi Levi yo.