Luke 17:16-18

Haitian(i) 16 Li lage kò l' atè nan pye Jezi, li di l' mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari. 17 Jezi pran lapawòl, li di l': Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo? 18 Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l' vin fè lwanj Bondye?