Lamentations 3:52-55

Haitian(i) 52 Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran. 53 Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch. 54 Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran! 55 Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou!