Lamentations 3:18-21

Haitian(i) 18 Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye. 19 Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale. 20 Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rache 21 Men, mwen reprann kouraj lè m' chonje yon sèl bagay.