Job 21:7-12

Haitian(i) 7 Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen? 8 Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo. 9 Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje. 10 Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte. 11 Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit. 12 Y'ap chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo.