Job 15:30-33

Haitian(i) 30 Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale. 31 Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen. 32 Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò. 33 Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'.