Jeremiah 38:24-27

Haitian(i) 24 Sedesyas di Jeremi konsa: -Pa kite pesonn konnen tout pawòl sa yo. Konsa ou p'ap mouri. 25 Si chèf yo rive konnen mwen te pale avè ou, y'ap vin jwenn ou, y'ap mande ou sa ou te di m' ak sa m' te reponn ou. Y'ap pwomèt yo p'ap touye ou si ou pa kache yo anyen. 26 Lè sa a, w'a reponn yo: Se mande mwen t'ap mande wa a, tanpri souple, pou l' pa voye m' tounen nan prizon lakay Jonatan pou m' pa mouri la. 27 Tout chèf yo vini jwenn Jeremi vre. Yo mande l' yon bann pawòl. Jeremi reponn yo jan wa a te di l' la. Pa t' gen anyen chèf yo te ka fè paske pesonn pa t' tande koze Jeremi te gen ak wa a.