Jeremiah 38:18-20

Haitian(i) 18 Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l'. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo. 19 Wa Sedesyas reponn: -Ou konnen sa m' pè? Se moun peyi Jida yo ki deja al rann tèt yo bay moun Babilòn yo. Mwen pè pou moun Babilòn yo pa lage m' nan men yo pou yo maltrete m'. 20 Jeremi di l' konsa: -Moun Babilòn yo p'ap fè ou sa. Koute mesaj Seyè a ba ou nan sa mwen di ou la a, pou tout bagay pase byen pou ou. Konsa ou p'ap mouri.