Hebrews 7:18-19

Haitian(i) 18 Konsa, yo mete ansyen regleman an sou kote, paske li fèb, li pa t' kapab sèvi anyen ankò. 19 Lalwa Moyiz la pa t' kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, koulye a, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kot Bondye.