Genesis 24:2-5

Haitian(i) 2 Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman. 3 Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a. 4 Men, se nan peyi pa m' pou ou ale, pou ou chwazi pami moun menm ras ak mwen yo yon madanm pou Izarak, pitit gason m' lan. 5 Domestik la mande l': -Kisa pou m' fè si fi a pa vle kite peyi l' pou l' vin avè m' nan peyi sa a? Eske se pou m' mennen pitit gason ou lan ale nan peyi kote ou te soti a?