Ezekiel 34:5-6

Haitian(i) 5 Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo. 6 Se konsa mouton yo gaye sou gwo mòn yo ak sou ti mòn yo. Mouton yo gaye toupatou sou latè. Pesonn pa okipe yo, pesonn pa chache kote yo ye.