Esther 3:6-9

Haitian(i) 6 Lè li vin konnen menm se jwif Madoche te ye, li fè lide se pa Madoche sèlman l'ap pini. L'ap òganize l' pou l' touye dènye kras jwif ki nan peyi wa Asyeris la. 7 Lè sa a, wa Asyeris t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Nan premye mwa a, mwa Nisan an, Aman mande yon divinò fè l' konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l' fè sa l' te vle fè a. Se konsa yo tonbe sou douzyèm mwa a, mwa Ada a. 8 Lè sa a, Aman al di wa a: -Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l' sou sa. 9 Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz (375) tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a.