Acts 8:4-8

Haitian(i) 4 Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou. 5 Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo. 6 Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè. 7 Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou. 8 Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.