Haitian(i)
23 Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (M'ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo.
24 An senk fwa, jwif yo ban m' trant nèf kout fwèt.
25 An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m' wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m' twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo.
26 Anpil fwa menm, lè m'ap vwayaje konsa dlo larivyè manke pote m' ale. Bandi manke touye m', jwif yo manke touye m' tou, ata moun lòt nasyon yo manke touye m' tou. Mwen te an danje nan lavil, mwen te an danje andeyò, mwen te an danje sou lanmè. Ata swadizan frè yo manke touye mwen.
27 Mwen redi travay di, mwen fatige kò m' anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m' mete sou mwen.
28 San konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m' regle pou tout legliz yo.
29 Si yon moun fèb, lamenm mwen fèb tou. Si yon moun tonbe nan peche, sa rann mwen malad.
30 Si se pou m' vante tèt mwen, m'a vante tèt mwen pou tout bagay ki pou moutre jan m' fèb.
31 Bondye ki Papa Seyè Jezi a (li menm k'ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p'ap bay manti.