1 Samuel 30:18-19

Haitian(i) 18 David sove dènye sa moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Li sove de madanm li yo tou. 19 David mennen tout pitit fi ak tout pitit gason mesye l' yo tounen ansanm ak tout bagay moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Pa t' manke anyen.