1 Samuel 18:12-14

Haitian(i) 12 Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a. 13 Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l' anba je l'. Li mete l' chèf sou mil sòlda. David pa t' chita menm, tout tan li te nan goumen. 14 Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li.