Haitian(i)
54 Pandan Salomon t'ap fè lapriyè sa a nan pye Bondye, li te ajenou devan lotèl la, de bra leve anlè. Lè li fini, li leve.
55 Li kanpe, li mande Bondye pou l' voye benediksyon l' sou tout pèp Izrayèl la ki te sanble la a. Li pale byen fò, li di:
56 -Lwanj pou Seyè a ki bay pèp Izrayèl la kè poze, jan li te pwomèt la. Li kenbe tout bèl pwomès li te fè nan bouch Moyiz, sèvitè l' la.
57 Koulye a, mwen mande pou Seyè a, Bondye nou an, toujou kanpe la avèk nou jan li te toujou kanpe la ak zansèt nou yo. Mwen mande l' pou l' pa janm lage nou, pou l' pa janm bliye nou.
58 Se pou li fè nou pa janm bliye l' pou nou ka toujou fè volonte l' nan tout sa n'ap fè, pou nou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li te bay zansèt nou yo.
59 Se pou Seyè a, Bondye nou an, pa janm bliye lapriyè sa yo mwen sot fè nan pye l' la. Se pou l' toujou gen pitye pou pèp Izrayèl la ansanm ak wa a, sèvitè li a, dapre sa y'a bezwen chak jou.
60 Konsa, tout nasyon sou latè va konnen se Seyè a sèl ki Bondye. Pa gen lòt!
61 Se pou nou toujou kenbe pye Seyè a, Bondye nou an, fèm. Se pou nou mache dapre lòd li ban nou, pou nou fè tou sa li mande nou fè tankou jòdi a.