1 Kings 19:11-13

Haitian(i) 11 Seyè a di li: -Soti, vin kanpe devan Seyè a sou tèt mòn lan. M' pral pase! Seyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Seyè a. Men Seyè a pa t' nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Seyè a pa t' nan tranbleman tè a. 12 Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Seyè a pa t' nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle. 13 Lè Eli tande l', li kouvri tèt li ak gwo rad li, li soti, li kanpe devan gwòt la. Li tande yon vwa ki di l': -Eli, sa w'ap fè isit la?