1 Kings 16:31-32

Haitian(i) 31 Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li. 32 Nan mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l'.