Proverbs 4:7 Cross References - Haitian

7 Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.

Psalms 49:16-20

16 Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò. 17 Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li. 18 Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè. 19 Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen, 20 yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò. Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.

Psalms 119:104

104 Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.

Proverbs 16:16

16 Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.

Proverbs 21:6

6 Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache.

Proverbs 23:23

23 Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.

Ecclesiastes 2:4-9

4 Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen. 5 Mwen fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo. 6 Mwen fouye basen pou m' pran dlo, konsa m'a ka wouze tout pyebwa yo. 7 Mwen achte fi kou gason pou sèvi m' esklav, san konte moun ki fèt esklav lakay mwen. Mwen te gen bèt ak zannimo pase tout moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. 8 Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen. 9 Wi, pou grannèg mwen te grannèg, pi grannèg pase tout lòt moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Men, mwen pa janm kite sa vire tèt mwen.

Ecclesiastes 4:8

8 Se te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pa t' gen pitit gason, li pa t' gen frè. Li travay san pran souf. Li pa t' janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pa t' janm gen tan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv.

Ecclesiastes 7:12

12 Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l'. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l' konnen an ap fè l' viv.

Ecclesiastes 9:16-18

16 Mwen te toujou di: Konesans pi bon pase gwo kouraj, men yo meprize konesans moun ki pòv. Yo p'ap koute yo lè y'ap pale. 17 Pito ou koute pawòl yon moun ki gen konprann ap di ou tou dousman pase pawòl chèf k'ap rele byen fò nan mitan yon bann moun sòt. 18 Konesans pi bon pase tout zam pou fè lagè. Men, fòt yon sèl moun ka fè anpil byen pèdi tou.

Matthew 13:44-46

44 Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an. 45 Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl. 46 Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l' genyen pou l' ka achte li.

Mark 8:36-37

36 Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? 37 Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi?

Luke 10:42

42 Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se li Mari chwazi, yo p'ap janm wete l' nan men li.

Luke 12:20

20 Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye?

Philippians 3:8

8 Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m' konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m' konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m' sa gen Kris la,

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.