Revelation 18:9 Cross References - Haitian

9 Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l' la.

Genesis 19:28

28 Li voye je l' bò Sodòm ak Gomò, li wè tout plenn lan. Epi li rete konsa li wè gwo lafimen ap moute soti nan tè a tankou lafimen k'ap leve nan yon gwo founo dife.

Deuteronomy 29:23

23 Y'a wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, ankenn plant p'ap ka pran ladan l'. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Seyè a te detwi nèt lè l' te ankòlè a, lè l' te move anpil la.

Psalms 58:10

10 Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan.

Isaiah 13:19

19 Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò.

Isaiah 30:33

33 Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l' yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l' bwa. Seyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l'.

Isaiah 34:9-10

9 Tout dlo larivyè nan peyi Edon pral tounen goudwon. Pousyè tè a ap tounen souf. Tout peyi a pral boule tankou goudwon. 10 L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò.

Jeremiah 50:40

40 Sa pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo. Pesonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a wi ki di sa.

Jeremiah 50:46

46 Lè lavil Babilòn tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo nan tout lòt nasyon yo.

Ezekiel 26:16-17

16 Tout wa peyi k'ap fè kòmès sou lanmè a ap desann soti sou fotèy yo, y'ap wete gwo manto ak bèl rad bwode ki te sou yo. Yo pral chita atè sitèlman y'ap pè. Yo pral sitèlman sezi wè sa ki rive nou, y'ap tranble san rete. 17 Yo pral plenn sò ou. Yo pral di: -Gade yon malè! Gwo lavil la disparèt! Tout batiman l' yo koule! Jan moun lavil sa yo te mèt lanmè a! Yo te fè tout moun ki rete bò gwo lanmè a pè yo.

Ezekiel 32:9-10

9 Anpil moun pral gen lespri yo boulvèse lè m' fè nouvèl jan ou fini an gaye nan tout nasyon yo, ata nan peyi ou menm ou pa janm konnen. 10 M'ap fè anpil nasyon sezi wè sa k'ap rive ou la. Lè m'ap lonje nepe m' lan devan yo, wa yo pral tranble nan kanson yo. Jou w'ap tonbe a, yo tout pral tranble. Y'ap pè pou yo pa pèdi lavi yo tou.

Daniel 4:14

14 Li pale byen fò, li di konsa: Koupe pyebwa a met atè. Debranche l' nèt. Rache tout fèy li yo. Gaye tout donn li yo. Fè tout bèt soti anba lonbraj li. Fè tout zwezo vole kite branch li yo.

Zechariah 11:2-3

2 Nou menm, pye sikren yo, plenn sò nou! Paske pye sèd la tonbe. Gwo pyebwa yo fini! Nou menm, pye bwadchenn peyi Bazan yo, rele, plenn sò nou! Paske gwo rak plen bwa a kraze! 3 Kote ou pase, ou tande chèf yo ap plenn! Yo fini, yo pèdi pouvwa a yo. Kote ou pase, ou tande jenn ti lyon yo ap plenn! Yo koupe tout bèl rakbwa ki sou bò larivyè Jouden yo.

Revelation 14:11

11 Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit.

Revelation 17:2

2 Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.

Revelation 17:12-13

12 Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. 13 Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la.

Revelation 18:3

3 Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.

Revelation 18:7

7 Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn.

Revelation 18:18

18 Lè yo wè lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele: pa t' gen okenn lòt lavil ki te tankou gwo lavil sa a!

Revelation 18:20

20 Ou menm, sièl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fè nou.

Revelation 19:3

3 Yo t'ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.