Psalms 44:7 Cross References - Haitian

7 Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'.

Joshua 1:5

5 Pandan tout rès vi ou, pesonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Joshua 10:8-10

8 Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè yo. M'ap lage yo tout nan men ou. Pa gen yonn ladan yo ki ka kenbe tèt avè ou. 9 Lè Jozye kite Gilgal, li pase tout nwit lan ap mache. Li rive sou moun Amori yo san yo pa t' atann. 10 Seyè a fè moun Amori yo pran kouri lè yo wè moun Izrayèl yo. Li fè pèp Izrayèl la bat yo byen bat lòt bò lavil Gabawon an. Moun Izrayèl yo kouri desann dèyè yo nan pant Bètowon an, yo bat yo jouk Azeka ak Makeda nan sid la.

Joshua 10:42

42 Jozye te pran tout wa sa yo ak tout peyi yo nan yon sèl soti, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, t'ap goumen pou pèp la.

Joshua 11:6

6 Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo.

Joshua 23:9-10

9 Seyè a te mete yon bann gwo nasyon ki te fò anpil deyò devan nou. Pesonn pa t' kapab kenbe tèt ak nou jouk jòdi a. 10 Yon sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Seyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l' la.

Judges 2:18

18 Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo.

Judges 7:4-7

4 Seyè a di Jedeyon ankò: -Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete. 5 Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Seyè a di Jedeyon konsa: -Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò. 6 Te gen twasan (300) gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo. 7 Seyè a di Jedeyon! -Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo. 8 Epi yo di Samyèl: -Pa sispann lapriyè Seyè a pou nou, pou l' ka sove nou anba men moun Filisti yo. 9 Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l' nèt, li ofri l' bay Seyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Seyè a pou l' vin ede pèp Izrayèl la. Seyè a reponn lapriyè a. 10 Pandan Samyèl t'ap boule ofrann lan, moun Filisti yo mache sou pèp Izrayèl la vin atake yo. Men lè sa a, Seyè a voye yon kout loraj sou moun Filisti yo. Moun Filisti yo pèdi tèt yo, yo pran kouri met deyò devan pèp Izrayèl la. 11 Moun Izrayèl yo soti lavil Mispa, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk rive toupre lavil Bètka. Sou tout wout la yo bat yo byen bat. 12 Lè sa a, Samyèl pran yon wòch, li mete l' ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Ebenezè, paske li t'ap di: Jouk jòdi a se Seyè a ki pote nou sekou.

1 Samuel 14:6-10

6 Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil. 7 Jenn gason an reponn li: -Fè sa ou gen nan lide ou. Ale non! M'ap kanpe avè ou! 8 Jonatan di l': -Bon! Nou pral janbe lòt bò a epi n'ap kite yo wè nou. 9 Si yo di nou rete kote nou ye a, y'ap vin jwenn nou, n'ap rete kote nou ye a, nou p'ap mache sou yo. 10 Men, si yo di nou moute vin jwenn yo, enben! n'a mache sou yo. Paske, sa vle di Seyè a gen tan lage yo nan men nou.

1 Samuel 17:47

47 Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.

2 Samuel 7:10

10 Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan yo p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l' anvan an,

Psalms 40:14

14 Seyè, tanpri, delivre m' non! Prese vin pote m' sekou, Seyè.

Psalms 53:5

5 Bondye di: -Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen.

Psalms 83:1-18

1 Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. 2 O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen! 3 Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou! 4 Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo. 5 Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò! 6 Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou. 7 Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo, 8 moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò. 9 Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo. 10 Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou. 11 Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a. 12 Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou, 13 paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou. 14 Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale. 15 Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo, 16 se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo! 17 Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou. 18 Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri. Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.

Psalms 132:18

18 M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.

Psalms 136:24

24 Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Psalms 140:7

7 Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou.

Psalms 144:10

10 Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè. Se ou ki delivre David, sèvitè ou la.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.