Obadiah 1:19 Cross References - Haitian

19 Moun pèp Izrayèl ki rete nan zòn Negèv la pral pran mòn Ezaou a pou yo. Moun pèp Izrayèl ki rete nan plenn ki nan pye mòn Jida yo pral pran peyi moun Filisti yo nan men yo. Moun pèp Izrayèl yo pral pran peyi Efrayim ak peyi Samari pou yo. Moun Benjamen yo pral pran peyi Galarad la pou yo.

Numbers 24:18-19

18 Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l' yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè. 19 Yon gwo chèf pral soti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la.

Joshua 13:2-3

2 Rete nou tout teritwa moun Filisti yo ak tout peyi moun Jechou yo, 3 ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fwontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fwontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou,

Joshua 13:25

25 Se konsa, pòsyon pa yo a te pran tout peyi Jazè a, tout lavil ki nan peyi Galarad la, mwatye nan peyi moun Amon yo, rive sou lavil Awoyè sou bò solèy leve lavil Raba.

Joshua 13:31

31 mwatye nan peyi Galarad la ansanm ak Astawòt ak Edreyi, lavil ki te pou wa Og nan peyi Bazan an. Se tout zòn sa yo ki vin pou mwatye nan branch fanmi Maki, pitit gason Manase a. Yo bay chak fanmi pòsyon pa yo.

Joshua 15:21

21 Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fwontyè peyi Edon an: Kabseyèl, Edè, Jagou,

Joshua 15:33

33 Men non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna,

Joshua 15:45-46

45 Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li. 46 Soti Ekwon pou al bò lanmè, tout lavil ki nan zòn Asdòd ak tout ti bouk ki sou lòd yo,

Joshua 18:21-28

21 Men non lavil ki te pou fanmi moun Benjamen yo. Se te Jeriko, Bèt-Ogla, Emèkkesis, 22 Bèt arara, Semarayim, Betèl, 23 Avim, Para, Ofra, 24 Kefa amoni, Ofni, Geba. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 25 Te gen tou Gabawon, Rama, Beewòt, 26 Mizpe, Kefira, Mosa, 27 Rekèm, Jipeyèl, Tareala, 28 Sela-Elèf, Jebis ki vle di Jerizalèm, Gibeya ak Kiriyat. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.

Judges 1:18-19

18 Moun Jida yo pa t' pran lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li. 19 Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t' kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè.

2 Kings 17:24

24 Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo.

1 Chronicles 5:26

26 Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.

Ezra 4:2

2 Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: -Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li.

Ezra 4:7-10

7 Sou rèy wa Atagzèsès, Bislam, Mitridat ak Tabeyèl mete tèt yo ansanm avèk kèk lòt kòlèg yo, yo ekri yon lèt plent voye bay Atagzesès, wa peyi Pès la, kont moun Jerizalèm yo. Lèt la te ekri nan lang arameyen, e se pou yo te tradwi l' lè yo t'ap li l'. 8 (Dokiman arameyen an konmanse isit la). Se konsa Reyoum, gouvènè a, ak Chimchayi, ki te sekretè pwovens la, ekri yon lèt bay wa Atagzèsès sou keksyon lavil Jerizalèm lan. Men ki jan lèt te pati: 9 Se mwen menm, Reyoum, gouvènè a ak Chimchayi, sekretè pwovens la, ki ekri lèt sa a ansanm ak tout lòt kòlèg nou yo anplwaye gouvenman an, moun lavil Den, moun lavil Afasatak, moun lavil Tapèl, moun lavil Afaras, moun lavil Erèk, moun lavil Babilòn, moun lavil Souz, moun lavil Deya ak moun peyi Elam, 10 avèk chèf tout lòt pèp k'ap viv koulye a nan lavil peyi Samari yo ak nan rès pwovens ki bò solèy kouche larivyè Lefrat la. Se gran wa Asnapa, wa ki te fè tout moun respekte l' la, ki te depòte yo al fè yo viv kote yo ye koulye a.

Ezra 4:17

17 Men repons wa a voye ba yo: -Nou voye gwo bonjou pou Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak tout lòt kòlèg yo k'ap viv nan peyi Samari ak nan rès pwovens lòt bò larivyè Lefrat.

Psalms 69:35

35 Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.

Isaiah 11:13-14

13 Moun peyi Efrayim yo p'ap fè jalouzi ankò. Peyi Jida a p'ap kenbe moun nan kè ankò. Moun peyi Efrayim yo p'ap anvye sò moun Jida yo. Moun Jida yo p'ap lènmi ankò ak moun Izrayèl yo. 14 Y'ap mete ansanm, yo pral atake moun Filisti yo ki bò solèy kouche, yo pral piye moun k'ap viv bò solèy leve yo. Yo pral donminen sou peyi Edon ak sou peyi Moab. Moun peyi Amon pral soumèt devan yo.

Jeremiah 31:4-6

4 Bèl pèp Izrayèl mwen sa a, m'ap rebati peyi nou an. Peyi nou an va kanpe ankò. Nou pral dekwoke tanbouren nou yo ankò. Nou pral danse ak kè kontan. 5 Nou pral plante rezen sou tout mòn Samari yo. Moun ki va plante se yo ki va rekòlte. 6 Wi, lè sa a moun k'ap veye yo va rete sou mòn Efrayim yo, y'a rele byen fò: Annou wè! Ann moute mòn Siyon, bò kot Seyè a, Bondye nou an.

Jeremiah 32:44

44 Wi, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk ki nan vwazinaj lavil Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, nan lavil ki nan mòn yo, nan tout lavil ki nan plenn yo, bò lanmè, ak nan sid peyi a, moun va achte jaden, y'a pase papye tè, y'a sele yo, y'a fè temwen siyen yo. Paske m'ap fè pèp la tounen nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Jerizalèm

Jeremiah 49:1

1 Men sa Seyè a di sou moun peyi Amon yo: -Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?

Ezekiel 25:16

16 Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m' sou moun Filisti yo pou m' pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a.

Ezekiel 36:6-12

6 Se poutèt sa, men mesaj pou ou bay peyi Izrayèl la. Pale ak tout mòn yo, tout ti mòn yo, tout ravin yo ak tout fon yo. Di yo: Men sa Seyè a voye di: Koulye a mwen move, mwen fache, m'ap pale! Wi, nou te soufri lè lòt nasyon yo t'ap joure nou. 7 enben wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di: Mwen leve men m' pou m' fè sèman lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo pral peye pou jan yo te pase nou nan betiz la. 8 Men, sou tout mòn peyi Izrayèl yo, pyebwa yo pral fè fèy ankò, y'ap donnen pou nou menm, pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Paske nou pa lwen tounen nan peyi nou. 9 Paske mwen kanpe la avèk nou. Mwen pral swen nou. Tè jaden nou yo pral raboure, yo pral plante. 10 Mwen pral fè tout moun fanmi pèp Izrayèl yo peple, yo pral vin anpil. Tout lavil yo pral plen moun. Yo pral rebati tout kay ki te kraze yo. 11 Mwen pral fè ni moun ni bèt peple nan peyi a. Yo pral vin anpil, y'ap fè anpil pitit, m'ap fè nou rete kote nou te konn rete anvan an. M'ap fè nou viv pi byen pase jan nou te konn viv la. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 12 M'ap mennen nou tounen, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou nou ka viv nan peyi nou an. Nou pral pran peyi a pou nou. Peyi a pral rele nou pa nou. Li p'ap janm kite pitit li yo mouri ankò.

Ezekiel 36:28

28 Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m' pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye.

Ezekiel 37:21-25

21 Lèfini, w'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo soti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a. 22 M'ap fè yo tounen yon sèl pèp nan peyi a ankò, sou mòn Izrayèl yo. Yo pral gen yon sèl wa pou gouvènen yo. Yo p'ap fè de peyi ankò. Yo p'ap fè de gouvènman ankò. 23 Yo pa pral avili tèt yo ankò nan fè sèvis pou zidòl, nan fè bagay derespektan devan Bondye, nan fè sa yo pa t' gen dwa fè. M'ap delivre yo anba tout zidòl ki te fè yo vire do ban mwen an, ki te fè yo fè peche a. M'ap mete yo nan kondisyon pou yo ka sèvi m' ankò. Y'ap tounen yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'ap Bondye yo. 24 Yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, va chèf yo. Yo tout pral fè yonn anba yon sèl gadò. Y'a mache dapre lòd mwen ba yo, y'a fè tou sa mwen mande yo fè, y'a kenbe prensip mwen yo. 25 Y'ap rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan, peyi kote zansèt yo te viv la. Yo pral viv la pou tout tan, yo menm, pitit yo ak pitit pitit yo pou tout tan. Se yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, ki pral gouvènen yo pou tout tan gen tan.

Ezekiel 47:13-21

13 Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Men fwontyè peyi nou pral separe pou nou bay douz branch fanmi pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo chak. N'a bay branch fanmi Jozèf la de pòsyon. 14 Separe tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo. 15 Sou bò nò, fwontyè a va soti depi bò lanmè Mediterane a, l'a desann nan direksyon solèy leve, l'a pase lavil Etlon, l'a rive lavil Zeda nan Fon Amat la. 16 L'a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L'a rive lavil Tikon ki sou fwontyè peyi Oran an. 17 Konsa, fwontyè nò peyi a soti bò lanmè Mediterane, li desann jouk lavil Enon nan direksyon solèy leve. L'ap bòde ak fwontyè peyi Damas ak peyi Amat. 18 Sou bò solèy leve, fwontyè a ap pati nan yon bòn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L'ap desann nan direksyon sid jouk larivyè Jouden an k'ap sèvi fwontyè ant peyi Izrayèl la sou bò solèy kouche ak peyi Galarad sou bò solèy leve. L'a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bò lanmè Mouri a. 19 Sou bò sid la, fwontyè ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solèy kouche, soti lavil Tama rive nan ti bwa bò sous dlo Meriba yo nan peyi Kadès. Rive la, l'ap vire sou nò yon ti jan sou solèy kouche, l'a pran ravin lan moute rive bò lanmè Mediterane a. 20 Sou bò solèy kouche a, se lanmè Mediterane a k'ap sèvi yo fwontyè moute rive sou yon bòn ki sou bò solèy kouche lavil Amat. 21 N'a separe tè a bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pòsyon pa yo.

Ezekiel 48:1-9

1 Sou bò nò, fwontyè peyi a ap soti bò lanmè Mediterane a, l'ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fwontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k'ap soti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan. 2 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Asè a. 3 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Neftali a. 4 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Manase a. 5 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Efrayim lan. 6 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Woubenn lan. 7 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Jida a. 8 Apre pòsyon Jida a, se va pòsyon mitan y'a mete apa a. L'ap gen douz kilomèt edmi lajè soti nan nò desann nan sid. L'ap menm longè ak pòsyon yo bay branch fanmi yo. L'ap soti sou lizyè solèy leve rive sou lizyè solèy kouche. Se nan mitan pòsyon sa a y'a moute Tanp lan. 9 Nan mitan pòsyon sa a, n'a wete yon moso tè douz kilomèt longè sou dizwit kilomèt lajè mete l' apa nèt pou Seyè a.

Amos 1:8

8 M'ap disparèt moun ki kòmande lavil Asdòd ansanm ak chèf ki rete nan lavil Askalon an. M'ap pini lavil Ekwon an. Tout rès moun Filisti yo pral mouri. Se Seyè a menm, Bondye a, ki di sa.

Amos 1:13

13 Seyè a di konsa: Moun lavil Amon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Nan fè lagè pou yo ka gen plis tè, yo rive devantre fanm ansent peyi Galarad yo.

Amos 9:12

12 Konsa, pèp Izrayèl la va pran posesyon pòsyon ki rete nan peyi Edon an. Y'a donminen ankò sou lòt nasyon mwen te fè yo. Se Seyè a ki di sa, se li menm menm k'ap fè sa rive konsa!

Micah 7:14

14 Seyè! Aji ak pèp ou te chwazi pou ou a tankou yon bon gadò k'ap pran swen mouton l' yo. Koulye a, pèp ou a rete pou kont li nan yon rakbwa ki antoure ak bon tè. Kite y' al manje nan bèl jaden peyi Bazan ak peyi Galarad jan yo te konn fè l' nan tan lontan an!

Zephaniah 2:4-7

4 p'ap rete yon moun lavil Gaza. Lavil Askalon ap tounen yon dezè. Gwo midi, y'ap mete tout moun Asdòd yo deyò. Y'ap depòte tout moun Ekwon yo. 5 Madichon pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Seyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a. 6 Tout bò lanmè a pral tounen savann kote gadò mouton va mennen bèt yo vin manje. 7 Ti ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, y'av al dòmi nan kay lavil Askalon yo. Seyè a, Bondye yo a, va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò.

Zechariah 9:5-7

5 Moun lavil Askalon yo pral wè sa, yo pral pè. Moun Gaza yo pral tranble kou fèy bwa. Moun lavil Ekwon yo tou, paske yo p'ap jwenn sa yo t'ap tann lan. Lavil Gaza pral pèdi wa li a. Lavil Askalon pral rete san moun ladan l'. 6 Moun san mele yo pral rete lavil Asdòd. M'ap kraze lògèy moun Filisti yo. 7 Yo p'ap manje vyann ak tout san li ladan l' ankò, ni ankenn lòt vye manje yo te konn manje yo. Tout moun ki va chape anba lanmò va fè pati pèp Bondye a. Y'ap tankou yon branch nan fanmi Jida a. Moun Ekwon yo va menm jan ak moun Jebis yo.

Malachi 1:4-5

4 Si moun peyi Edon yo di: Yo detwi lavil nou yo, men n'ap rebati yo, Seyè a menm ap reponn yo: Nou mèt rebati yo, m'ap toujou kraze yo. Moun pral rele yo: Peyi mechan yo, nasyon ki fè Seyè a ankòlè tout tan an. 5 Moun Izrayèl yo pral wè sa ak pwòp je yo. Epi y'a di: Seyè a gen pouvwa menm andeyò peyi Izrayèl la.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.