Matthew 4:19 Cross References - Haitian

19 Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito.

Ezekiel 47:9-10

9 Tout kote dlo a ap koule pral gen tout kalite bèt ak pwason. Dlo larivyè a pral fè dlo Lanmè Mouri a tounen dlo dous. Kote dlo a pase, l'ap bay lavi. 10 Depi sous Angedi yo, desann ale jouk sous Eneglayim yo, pral gen moun k'ap peche sou tout bò lanmè a. Yo pral blayi senn yo ak privye yo mete cheche. Pral gen tout kalite pwason an kantite tankou nan lanmè Mediterane a.

Matthew 8:22

22 Men Jezi di li: Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo.

Matthew 9:9

9 Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi.

Matthew 16:24

24 Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li, epi swiv mwen.

Matthew 19:21

21 Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.

Mark 1:17-18

17 Jezi di yo konsa: -vin jwenn mwen. m'a fè nou tounen pechè moun pito. 18 Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li.

Mark 2:14

14 Antan Jezi t'ap pase konsa, li wè Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: -Swiv mwen. Levi annik leve, li swiv Jezi.

Luke 5:10-11

10 Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon: Pa pè. Depi koulye a se moun ou pral peche. 11 Yo mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, y' ale avèk Jezi.

Luke 5:27

27 Apre sa, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li.

Luke 9:59

59 Jezi di yon lòt: Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan.

John 1:43

43 Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen.

John 12:26

26 Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.

John 21:22

22 Jezi reponn li: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen.

1 Corinthians 9:20-22

20 Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m' te anba l' lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. 21 Konsa tou, lè m' nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m' pa okipe lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la. 22 Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.

2 Corinthians 12:16

16 Se pou nou admèt mwen pa t' janm yon chay pou nou. Men, gen moun ki va di: Pòl se yon nonm ki malen wi. Gade jan li pran nou nan pèlen ak yon bann manti.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.