Mark 14:71 Cross References - Haitian

71 Lè sa a, Pyè kòmanse di: -Mwen mande Bondye nenpòt bagay rive m' si m' manti: mwen pa konnen nonm n'ap pale la a.

2 Kings 8:12-15

12 Azayèl mande l': --Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: --Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo. 13 Azayèl mande l': --Kisa m' ye menm pou m' ta rive fè tou sa? Mwen pa pi bon pase yon chen. Elize reponn li: --Seyè a fè m' konnen se ou ki pral wa peyi Siri. 14 Azayèl kite Elize, li tounen al jwenn mèt li ki mande l': --Sa Elize di ou? Li reponn: --Li di m' li sèten w'ap refè. 15 Men nan denmen, Azayèl pran yon dra, li plonje l' nan dlo, li mete l' sou figi wa a. Wa a toufe, li mouri. Azayèl moute wa sou fotèy Siri a nan plas Bennadad.

2 Kings 10:32

32 Lè sa a, Seyè a konmanse wonyen sou teritwa peyi Izrayèl la. Wa Azayèl atake moun Izrayèl yo toupatou nan peyi a,

Jeremiah 17:9

9 Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?

1 Corinthians 10:12

12 Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.