Luke 6:38 Cross References - Haitian

38 Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l', nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.

Deuteronomy 15:10

10 Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè.

Deuteronomy 19:16-21

16 Lè yon fo temwen kanpe pou l' akize yon moun pou yon krim li pa fè, 17 de moun ki nan pwose yo va prezante ansanm devan lòtèl Seyè a, devan prèt yo ak jij yo ki desèvis lè sa a. 18 Jij yo va egzaminen ka a. Y'a mennen yon bon ankèt jan yo dwe fè l' la. Si yo jwenn se manti temwen an ap bay, se akize l'ap akize yon moun pèp Izrayèl parèy li pou yon bagay li pa janm fè, 19 n'a fè l' sibi chatiman li te vle pou moun li akize a. Se konsa n'a wete mechanste sa a ki te nan mitan nou. 20 Lè lòt moun yo va konn sa, y'a pè, yo p'ap rekonmanse fè move bagay konsa ankò nan mitan nou. 21 Se pou nou san pitye pou moun konsa. Se pou nou fè yo peye lavi pou lavi, yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye.

Judges 1:7

7 Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.

Ezra 7:27-28

27 Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm. 28 Li fè m' jwenn favè devan wa a, devan konseye l' yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m' kouraj, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!

Esther 7:10

10 Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.

Esther 9:25

25 Men, lè Estè al di wa a sa, wa a bay yon lòt lòd. Se konsa malè Aman t'ap pare pou jwif yo, se sou pwòp tèt li li tonbe. Yo pann ni li ni pitit gason l' yo byen wo sou plas piblik.

Job 31:16-20

16 Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite. 17 Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen. 18 Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo. 19 Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra, 20 mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe.

Job 42:11

11 Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò.

Psalms 18:25-26

25 Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan. 26 Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.

Psalms 41:1-2

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2 Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray.

Psalms 79:12

12 Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo.

Proverbs 3:9-10

9 Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou. 10 Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.

Proverbs 10:22

22 benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li.

Proverbs 19:17

17 Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.

Proverbs 22:9

9 Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.

Ecclesiastes 11:1-2

1 Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou. 2 Separe sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè.

Isaiah 65:6-7

6 Seyè a te di: Men desizyon mwen fin pran nan kè m': Mwen p'ap bay kò m' kanpo toutotan mwen pa pini yo, toutan mwen pa regle yo 7 pou peche yo ak pou peche zansèt yo. Yo te boule lansan pou zidòl sou mòn yo, yo t'ap derespekte m' sou ti bit mòn yo. Se poutèt sa m'ap regle ak yo jan yo merite l' la.

Matthew 7:2

2 paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

Matthew 10:42

42 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.

Mark 4:24

24 Li di yo toujou: -Fè atansyon sa n'ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l' sou li.

Luke 6:30

30 Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l'. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l' pou li.

2 Corinthians 8:14-15

14 Si koulye a nou gen anpil, se pou n' ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan, 15 dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp. Moun ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen.

2 Corinthians 9:6-8

6 Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. 7 Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. 8 Bondye menm gen pouvwa pou l' ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n' fè tout kalite bon zèv.

Philippians 4:17-19

17 Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja. 18 Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi. 19 Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.

James 2:13

13 Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.

Revelation 16:5-6

5 Mwen tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di: Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la. 6 Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Koulye a ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.